• on October 1, 2021

Announcements for October 2, 2021

Samedi 2 Octobre 2021

Pensée du jour:

Dieu équilibre toujours nos poids avec ses ailes. Le même Seigneur qui permet les poids nous donne aussi les ailes motrices.

God always balances our weights with his wings. The same Lord who allows the weights also gives us the power wings.

Zèl Bondye toujou fè ekilib nan chay nou ap pote yo. Menm Senyè ki pèmèt chay lou rive sou tèt nou an, ba nou tou pou pote yo, twokèt pouvwa zèl li.

Annonces de la semaine 

1-) Coucher du soleil 

‪ 

‪Vendredi 8 Octobre 2021 à 7:03 p.m.

‪Samedi 9 Octobre 2021 à 7:02 p.m.‬

‪2-) Département de l’école du Sabbat  

Depatman Lekòl Saba ap envite  nou nan revizyon  leson semèn nan ak entwosikyon leson 2 a ki gen pou tit: (Le cours d’histoire de Moise). 

Vini ak kesyon nou yo pou patisipe, apremidi a 6 pm.

3-) Children Ministry

a-) Direktris klas anfantin nan sè Blandine Charles fè klas lekòl Saba pou timoun yo, chak Saba, soti 9 pou 11 zè sou zoom. Nimewo pou konekte a se:  948-3803-2914

b-) Pandan semèn lan, paran yo ka etidye “leçon école Sabbat” epi fè kèk aktivite sou leson an ak timoun yo. Adres sit pou nou jwen aktivite yo

se:

http://kidssabbathschoolreview.com

4-) Youth Department 

Pathfinder and Adventure clubs is  giving applications out for  the new registration period. If you’re interested in joining or have your kids that like to join, please feel free to grab one application in the front of the church. Registration fee is $ 20.  

For additional informations, please see the youth director, sr. Ashley Saint Fleur.

5-) Département du Diaconat

a-) Se gwoup 2 kap sèvi semèn pwochen. Responsab gwoup 2 se fr. Benito Casimir ak sr. Clarice Celestin.

6-) Department De la Priere

a-) Réunion de prières du Dimanche au Vendredi à 7 pm et samedi matin à 8 am.

b-) Demi journée de jeûne et de prière pour toute l’église, demain matin à partir de 9 heures. 

7-) Ancienat

 a-) Nou gen devosyon pou tout moun chak maten soti 6:45 pou 8 hres sou liy priyè nou an ak sou Radio “La voix de l’esprit’’

b-) Seremoni  sentsèn Saba pwochen nan tou 2 sèvis nou yo. Prepare Nou an konsekans.

😎 Department de la Santé 

Viris la kontinye ap monte, moun kontinye ap enfekte, gen lòt ki ap mouri nan COVID-19.

Depatman Sante ap ankouraje tout moun pou toujou pran prekosyon. Kenbe distans sosyal ki rekòmande a,

lave men nou souvan, epi itilize yon mask lè nou nan piblik. Limite valè tan nou ap pase nan mitan lòt moun,  lè sa posib.

9-) Rappel 

Anpil mesaj kontinye ap sikile sou rezo sosyal yo. Nou ap mande tout moun pou fè atansyon, epi chache enfòmasyon nan sous ofisyèl yo.

10-) Divers

Homeland Security anonse: tout Ayisyen san papye ki te nan peyi Etazini jouk nan dat 29 Jiyè  2021 an,  Ayisyen sa yo kapab aplike pou TPS ak  yon kat otorizasyon pou travay. 

Moun ki te gen TPS ak kat travay la deja, dwe re-aplike pou update dokiman yo.

Si nou gen bezwen plis enfomasyon, Nou ka wè fr. Cheres oubyen sr. Florance.

11-) Happy Birthday / Anniversary to: 

🎉🎈Joseph Jr. Charitable   9/26🎈🎉

🎉🎈 Denege D. Esperance 9/26🎈🎉

🎉🎈Sr. Beaudeline Jeune    9/26🎈🎉

🎉🎈Sr. Dahalicia Lubin         9/27🎈🎉

🎉🎈Manoucheck Gervais    9/29🎈🎉

🎉🎈Sr. Ervilia Vilcin               9/29🎈🎉

🎉🎈Sr. Philomene Lexima    10/1🎈🎉

🎉🎈Sr. Varda Thelusme        10/1🎈🎉

🎉🎈Fr. Ronald Destine          10/2🎈🎉

🎉🎈Fr. Emmanuel Gabriel    10/2🎈🎉

Un joyeux anniversaire aussi à tous ceux et toutes celles célébrants un anniversaire au cours de cette semaine.  

b-) Yon moun ki tap fete nan semèn lan ki pa tande non li, oubyen si ou chanje adrès ak nimewo telefòn, tanpri kontakte youn nan seketè legliz la, oswa sr. Florance  oubyen mann ekip kominikasyon an pou ‘’update ‘’ enfòmasyon yo. Nou konte sou kolaborasyon tout frè ak sè nou yo pou travay sa ka rive fèt.

Nou ap di mèsi a tout moun ki deja pote kole ak nou.

12-) Réflexion du jour:

Si nous réduisons en silence les avertissements des prophètes et des apôtres et si nous rejetons le Christ comme avocat, demain nous l’affronterons comme juge.

If we silence the warnings of the prophets and apostles and reject Christ as an advocate, tomorrow we will face him as a judge.

Si nou bouche zòrèy pou pa tande avètisman pwofèt ak apòt yo epi rejte Kris la kòm avoka, demen n ap fè fas a li kòm jij.

Bon Sabbat  Sabbat à tous et à toutes!

Leave your comment

Please enter your name.
Please enter comment.
Skin Color
Layout Options
Layout patterns
Boxed layout images
header topbar
header color
header position